Medam, jodi 8 mas 2010 la, jou kote fanm toupatou sou latè beni reyini pou selebre. Ane sa a, selebrasyon an gen yon lòt sans pou nou menm nan peyi d Ayiti akòz gwo malè tranblemantè ki koze lanmò anpil fanm. Nou reyini jodi a pou n bay ochan pou fanm sa yo ki rive nan bout chimen lavi yo.
Medam, se avèk anpil emosyon mwen prezante devan nou, pou m transmèt nou mesaj solidarite fanm angaje k ap viv nan Monreyal-Kanada voye pou tout fanm peyi d Ayiti.
Tranblemantè a pote ale twa mapou. Twa poto mitan ki te rele Myriam Merlet, Magalie Marcelin, Anne-Marie Coriolan, medam sa yo panche tankou rozo, san yo pa tonbe. Yo chanje fòm pou y al kontre ak ewoyin tankou Toya, Sanit Belè, Marijann, elatriye, ki te patisipe nan batay pou rache lendepandans peyi a an 1804. Pita, lit fanm yo te kontinye nan lane 1930 yo ak pyonyè mouvman feminis la, ak fanm tankou Léonie Coicou Madiou, Madeleine Sylvain Bouchereau ak dòt ki te goumen pou defann dwa politik fanm peyi d Ayiti. Jis jodi a, nou oblije kenbe flanbo lit la limen, paske dwa fanm an Ayiti tankou anpil lòt kote pa kò garanti.
Twa zanmi nou fèk pèdi yo, se te twa kokennchenn fanm : Magali ak Myriam te de veritab kalbas gran dyòl, Anmari, se te yon fòs trankil. Yo te reprezante anpil nan lavi nou. Twa militant sa yo te pote lit fanm pa bò isit sou do yo, an solidarite ak tout fanm lòt peyi k ap goumen kont tout fòm diskriminasyon.
Se konsa pandan yo te an egzil nan Monreyal, Mimi ak Maga te angaje nan mouvman fanm Ayisyèn nan. Yo te vin rankontre Annmari sou teren an ann Ayiti, bò kote fanm peyizan, fanm nan katye popilè, fanm k ap milite pou dwa sivil, politik, ekonomik, sosyal, kiltirèl yo. Medam yo te nan tout sòs, yo pa te janm machande tan yo, konesans yo, pou ede n konprann, sitou denonse sitiyasyon malouk fanm ap sibi. Yo te toujou reponn prezan epi pote kole.
8 mas 1910 pou rive 8 mas 2010, san lane depi fanm feminis peyi Dayiti ap rele anmwe, mache, chante, pale, reflechi, ekri, pran prizon, mouri pou respè dwa moun, dwa fanm. Nan memwa militan konsekan nou yo, n ap selebre 8 mas sa a, n ap selebre malgre ladoulè, malgre gwo dèy nan sosyete ayisyèn nan, gwo dèy nan mitan mouvman féminis nan. N ap selebre l ak kouray, pandan n ap denonse ak tout fòs nou anpil ka kadèjak medam yo sibi nan dènye moman sa yo.
N ap pwofite pou n voye yon gwo kout chapo pou pitit 3 medam yo. N ap di yo menm si manman you mouri, angajman yo ap rete vivan nan kè chak militan k ap travay pou devlopman peyi a.
Nou pwofite okazyon sa a tou pou n remèsye CONAP pou envitasyon li fè nou an. Medam kouraj !
Pou n fini, noumenm fanm Ayisyèn nan Kebèk-Kanada, n ap di ak tout fòs nou : Ewoyin sa yo paka mouri! Y ap toujou rete vivan nan kè n toutotan tanbou va bat, toutotan timoun va chante, fè lago kache, toutotan ilan-ilan ak chevalye denwit va layite pafen yo, flè dizè va louvri a dizè tapan, pye flanbwayan va fleri tou wouj mwa jen, toutotan lanmè va kale kò l tou ble, toutotan pèp la ap rete kanpe, toutotan plas Katrin Flon va rete doubout, toutotan jenn fanm ak jenn gason ap mache ansanm pou lavi miyò demen.
Lè s a a na di men Mimi, men Maga, men Annmari, men fanm Ayiti Kiskeya boyo yo ki VIVAN!
VIV FANM VANYAN SA YO!
VIV LIT FANM AYISYÈN NAN!
VIV CONAP!
VIV AYITI VIVAN!
JOU KI 8 MAS 2010
Men fanm ki siyen mesaj sila a :
Chantale Ismé
Éline Occessite
Fabienne Pierre Jacques
Guerda Amazan
Haïtiens en action
Laurie-Rose Dauphin
Maguy Métellus
Maguy Thélusmond
Marie Andrée Baptiste
Marjorie Beaubrun
Marjorie Villefranche
Marlene Rateau
Marlène Valcin
May-lissa Dauphin
Michelle Turenne et toute l’équipe de danseurEs de TAMTAM danse
Mireille Métellus
Monique Dauphin
Myriam Coppry
Pascale Annoual
Réseau des adolescentes de Saint-Michel (animatrice, May-lissa Dauphin, Maison d’Haïti)
Réseau des jeunes parents (animatrice, Myriam Coppry, Maison d’Haïti)
Rosemay Eustache
Rosemay François
Samia Salomon
Valérie Féquière (France, amie de Magalie)
Viviane Barbot
Yanick Bernard Philibert
Yanik Zamor
Yasmine Delice



