8 mas 2010 - Mouvman fanm ayisyèn nan ant lanmò ak lavi
Depi 7 fevriye 1986 jouk 8 mas 2010, depi mouvman fanm nan redemare apre diktati Divalye a avèk gwo manifestasyon 3 avril 86 la, li pa janm selebre yon 8 mas nan yon sitiyasyon eksepsyonèl tankou sa n ap viv apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la.
Aprè 23 an n ap batay pou nou tabli yon demokrasi nan peyi a, 23 zan mouvman fanm nan ap feraye pou angwo objektif Lig Feminin Aksyon Sosyal la depi 1934 : amelyorasyon kondisyon ekonomik, politik, sosyal ak kiltirèl fanm yo, yon tranblemanntè 7.1 pote ale plis pase 220 mil fanm, gason, ti moun, vye gran moun. Nou byen konnen se pa dezas natirèl la ki mete nou ajenou konsa. Se katastwòf politik ak sosyal la nou te prevwa depi byen lontan ki tonbe sou nou. Annik nou konpare palmarès desè nou yo avèk sa k pase nan lòt peyi kote tè a tranble, pou nou konprann ki reskonsablite nou nan katastwòf pa nou an. Nou manke bon jan direksyon politik nan peyi a, e nou manke memwa.
8 mas sa a pa gen parèy li ni pou mouvman fanm ayiyèn nan, ni nan tout mouvman entènasyonal fanm yo. Paske nou pa kwè mouvman an janm pèdi yon valè fanm, yon valè feminis militant, anmenmtan konsa. Tranblemanntè a mete mouvman fanm nan, fas a fas avèk lanmò, e se pa yon « minitderekèyman » pou nou fè ase, se yon gran plonjon pou nou fè nan nanm nou, nan pase nou, nan prezan nou e menm nan avni nou, sa vle di nan istwa nou. Se chak fanm pou tèt pa li, ki dwe fè ti ekzèsis sa a, epi nou tout ansanm kolektivman. Sa se premye mesaj AYITI FANM nan. N a sonje tit yon editoryal nou te pibliye apre koudeta Sedras la, lè nou t ap reflechi sou nesesite pou n fè rechèch sou pwòp istwa n pou n pa repete menm erè yo : « Yon fanm ki konnen istwa li gen yon pouvwa nan men li »
Fwa sa a, kit nou vle, kit nou pa vle li, apral gen yon avan epi yon apre 12 janvye 2010, paske nou rive nan yon pwen limit kote tranblemanntè 12 janvye a mete deyò tout sa nou te gen nan trip nou, e k ap devore nou. Li la, devan nou, e devan tout planèt la.
Konbyen fanm ki te gen nan mitan plis pase 220 mil kadav nou yo? Nou p ap janm konnen chif ekzak la. Men nou pèdi plis pase 100 mil fanm, nou pèdi anpil fanm vanyan, epi nou pèdi plizyè feminis ki te gen yon vwa pou defann dwa fanm. E kòm yo t ap feraye nan feminis entènasyonal la tou, nou ka di mouvman rejyonal ak entènasyonal la pèdi tou. E prezans Solidarite Entènasyonal Feminis yo pran tout sans li. Fòk nou fè dèy, fòk nou rele dèy. Jounal sa a, se jounal yon dèy pèsonel pou chak fanm, epi yon dèy kolektif pou mouvman fanm nan.
Men pou dèy mouvman an ban nou plis posiblite pou li fè nou reviv nan yon Ayiti tou nèf, fòk dèy la mare avèk yon refleksyon sou istwa nou anfas lavi ak lanmò. Se yon travay li ye, men fòk li fèt, e fòk li fèt nan tout dimansyon li genyen, pou nou soti nan enpas nasyonal nou ye jodi a, menmsi solidarite entènasyonal la ka ede nou. Se nou menm sèl ki ka pran desten nou nan de men nou.
Kounye a, si nou gade istwa nou, gen 2 jenerasyon feminis ki mouri : jenerasyon medam Lig Feminin Daksyon Sosyal la ki koumanse travay an 1934, e pa nou an ki reprann mayèt la nan fen diktati Divalye yo, nou wè mouvman an fè 2 esperyans lanmò diferan, e li bon pou nou analize sitiyasyon sa a. Li bon pou feminis yo entèwoje tèt yo sou jan yo mouri anndan istwa sosyopolitik peyi a, e li bon pou yo reflechi sou kouman yo rankontre lanmò nan vi yo. Se yon refleksyon istorik e filosofik k apral pote anpil pou mouvman fanm nan.
Se konsa fondatris Lig Feminin Aksyon Sosyal la, Madeleine Sylvain Bouchereau, apre li te oblije kite peyi a yon ti tan aprè Duvalier pran pouvwa a, mouri ann ekzil jounen 21 fevriye 1970 nan vil Nouyòk. Sa fè 40 an Madeleine mouri. Pifò feminis Lig la ki te oblije pati, oubyen ki te oblije pe anba rejim Divalye a, nou pankò selebre lanmò yo jan mouvman an ta ka fè l. Jounen jodi a, jenerasyon nou an k ap batay depi 86 sou teren an, rankontre yon lanmò brital ki mare avèk konpleksite sosyopolitik peyi a. Lavi feminis yo, tankou lanmò yo, se 2 bagay ki mare youn ak lòt e ki mande analize.
Nan okazyon dèy 2010 sa a, ENFOFANM kreye yon senbòl pou fè nou reflechi sou mouvman feminis ayisyen an, fas a fas ak lanmò. Se yon senbòl ki montre nou kouman lanmò de jenerasyon fanm, anvan, epi apre, diktati Duvalier a apral fè pouse pi wo branch pye bwa egalite fanm ak gason an, pye flanbwayan feminis ak demokrasi ak bon jan sekirite pou nou viv anpè sou latè Dayiti. Nan moman dèy kolektif sa a, desen sa a montre rèv kolektif nou te toujou pataje nan mouvman fanm nan. Men nou gen plis esperyans apre 23 lane sa yo, e fòk nou chita ansanm pou nou poze tèt nou keksyon total kapital sa a : jou 8 mas 2010 sa a, kote n apral mennen mouvman fanm nan, e ki peyi Dayiti n apral konstwi?
Ayiti fanm, jounal rezo kominikasyon fanm peyi d Ayiti, yon piblikasyon Enfofanm, vol 20 no 74, janvye-mas 2010 (13,5 Mo).
SA KI NAN JOUNAL LA
• Myriam Merlet, yon rèv kote feminis, pouvwa fanm ak bonè mare ansanm
• Gina Porcena, yon pwofesyonèl ki fè fyète fanm
• Mireille Anglade, yon ekonomis angaje nan kòz fanm nan
• Marie Michelle Gaspard ap rete vivan pou nou
• Ochan pou Anne Marie Coriolan : konbatant politik, konbatant feminis
• Tranblemanntè a twò piti pou touye yon fanm tankou w, bòn fèt Mirna!
• Magalie Marcelin, yon feminis tout bon
• Nadine Doucet Sassine, yon fanm ki te renmen travay li
• Madan Joachim, yon wout chaje ak fidelite ak lafwa
• Valérie Tardieu Desmangles, yon fanm ki te renmen pataje
• Vyolans sou fanm nan kan pandan dèy la
• Kanmpamennto
• Enfofanm pran gwo kou nan tranblemanntè 12 janvye a
• REFRAKA frape



