Kan Solidarite Fanm Entènasyonal la ap ouvè nan semèn 25 janvye a nan Jimani (fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominiken). Kan sa a ap pote non 3 lidè fanm sa yo ki mouri nan tranbleman tè 12 janvye ki te pase ayiti a. L ap genyen pou l fè mobilisazyon nan pase dokiman epi fasilite kominikasyon nan mitan fanm ayisyen yo. Nan premye moman se plizyè gwoup fanm ki nan peyi Ayiti, nan Repiblik Dominiken, nan Amerik Latin ak Karayib tankou COMUS ak CIPAF k ap òganize l. Aprè sa, se fanm ayisyen k ap jere l.
Kan sa a ap sèvi kòm yon sant dokimantasyon pou kòdone tout efò solidarite entènasyonal k ap fèt yo epi fè dokiman sa yo al jwenn fanm ayisyen yo. Tout travay sa yo ap fè ansanm ak moun k ap defann Dwa Moun nan peyi dayiti. Sa k ap pèmèt yo (moun k ap defanm Dwa Moun yo) siveye, denonse ak trennen nan tribinal tout moun k ap vyole Dwa Fanm pandan ak aprè tranbleman tè a. Kan sa a ap genyen tou yon branch k ap la pou ede moun tranbleman tè a te blese, moun k ap viv nan lapèn ak moun k ap viv nan laperèz.
A pati premye fevrye, kan sa a ap pase tout emisyon radyo gwoup FIRE (Feminist International Radio Endeveaour) ap anime mete ak lòt dokiman elektwonik (ki egziste sou entènèt) gwoup fanm nan rejyon an ap fè. FIRE se premye radyo entènasyonal ki egziste sou entènèt. Se yon gwoup fanm Amerik Latin ak Karayib ki mete l sou pye epi k ap jere l.
Tout moun envite pou patisipe nan ekperyans sa a nan chèche dokimantasyon, pataje enfòmasyon k ap sòti nan kan an epi devlope chèn solidarite sa a nan tout zòn nan peyi a ak nan lòt peyi. Moun ki bezwen plis enfòmasyon (li egziste sèlman an anglè) sou kan Myriam Merlet la oubyen pou patisipe ladan l k a ale sou gwoup FACEBOOK la. Li (moun) k ap voye yon mesaj an anglè bay [email protected] ou an panyòl [email protected] – Pa bliye OREGAND bay tout enfòmasyon li yo an fransè.
Moun ki vle k a toujou bay kontribisyon pa l nan :
Kan Solidarite Entènasyonal Myriam Merlet, Anne-Marie Coriolan ak Magalie Marcelin
Colectiva Mujer y Salud (COMUS)
Banco de Reservas
Cta Corriente No. 010-251497-6
Swift code o ABA No. BRRDDOSD
C/ Isabel La Catolica No. 201
Zona Colonial
Santo Domingo, Rep. Dom.
Se Edline Lorenceau ki tradwi li.