Se María Suárez Toro, Solidarity Camp Myriam Merlet, Anne-Marie Coriolan and Magalie Marcelin, ki ekri atik saa, 1e Fevriye 2010. Se Herold Charles ki tradwi li.
Lise Marie Jean, yon lidè en tèt SOFA, konpayi pou dwa fanm an Haiti avèti nou ke genyen anpil dosye istorik ki antere anban debri aprè tranbleman de tè ki fèt an ayiti ya. Afè sa a te diskite pandan yon reyinyon ki te fèt ant 26 a 27 Janvye 2010 Saint Domingue avèk twa douzèn fanm pou dwa fanm (feminist) nan Amerik Latìn e nan karayib la. Li di ke fanm Ayisyèn yo ap soufri non sèlman pou lavi anpil moun ki pèdi, men tou paske anpil dosye ki te nan biwo EnfoFam nan ki esplike istwa feminis nan peyi d'ayiti antere anba debri. E EnfoFanm se premye òganizasyon feminis an Ayiti.
Li pale nou de dega ki genyen nan Kay Fanm, yon lòt òganizasyon feminis an Ayiti. Li pale de destriksyon ki te pase nan Achiv Nasyonal la nan vil Pòtoprens. Li te pale tou sou sant dokimantasyon kiltirèl, dwa imèn etc...
"Nou te ale nan Pòtoprens pou nou onore tout moun, ansanm ak lidè feminist, ki te mouri, pou nou pote solidarite nou pou moun ki te sove yo, epi pote èd imanitè pou nou aleje bezwen lòt moun, epi wè kisa nou kapab fè plis. Pandan nou t'ap kouvri nouvèl ki kontanple travay feminist yo, nou te vin oblije di babay ak memwa istorik nou an Ayiti."
Feminist nan zòn nan te deja dakò pou ke tout rezo kominikasyon al fouye nan pwòp dosye yo, pou yo jwenn dokiman sou 30 denyè ane ki sot pase yo. Gwoup Latin American and Caribbean Network of Journalists, Feminist International Radio Endeavor avèk Center for Feminist Research and Action (CAFRA) ap branche apèl la ak lòt moun tou po yo ede nan rechèch sa a.
Lè nou rive Pòtoprens, nou mande Lise Marie pou li mennen nou kote EnfoFanm te ye ya po nou dokimante reyalite saa. Se yon kay de etaj nan yon katye tou pre lavil la. Atansyon nou te vi'n vire so plasman kote pankad ki te make non biwo a te ye ya. Li tonbe.
Mal chans pou nou, yon gadyen biwo a ki rele Lisie soti nan kay anfas la epi li di ke li pap kite nou antre san ke se pa yon moun li konnen e kwè.
Premye reyaksyon mwen se te pou m te fè yon apèl a UNESCO ak tout UNIFEM pou yo vin ede. Bilding nan, byenke li detwi, te toujou kanpe sou plasman li, byenke li trè vilnerab pou'l tonbe. Gen de bagay nou ka wè anndan an pandan nou deyò a. Nou wè anpil nan dosye yo.
Nou tounen nan demen avèk Silvie, yon dam ki trvay nan Sant Eukimenik pou Dwa Moun yo. Gadyen an soti deyò a e li rankontre nou tankou yon zanmi, men nou eksplike l kan mèm kiyès nou ye. Nou remèsye li pou vijilans li epi nou kontinye nan wout nou. Nou wè Sekretè Egzekitif la vini matin yan. Sa fè nou kontan. Kèlkeswa sa'k ka sove, yo ta dwe ba nou kinbe yo.
Nou ale nan dezyèm lokalite nou an, Kay Fanm. Ankò yo kanpe nou sou plas. Fwa saa, se yon Jèn gason Kanadyen ki rele Etienne Cote-Paluck. Se li ki responsab sekirite Biwo Kay Fanm nan. Biwo sa a pa detwi nèt men pa gen moun ki ka rete ladan. Tout aktivis yo pa t' gen anyen eksepte direktè òganizasyon an, Magalie Marcelin, ki te apèn ap soti nan yon bilding kote li te fèk soti nan yon reyinyon.
Li mande nou pou idantifikasyon ak explikasyon. Li kite nou antre epi li di nou sa ki te pase nan biwo a. Li tonbe kriye pandan l'ap explike nou istwa. "Magalie se te yon dezyèm manman pou mwen. Mwen se pitit yon feminis Kanadyen. Pou'm di w verite, se yo ki leve'm vin jan de moun mwen ye Jounen Jodi a."
Li di nou ke li te deja konnen Kan Feminis Entènasyonal la ak travay yo fè. Li di n ke li ap travay ak MSNBC Canada pou li bay tout detay nesesè sou sitiyasyon yan an ayiti epi li ta renmen interview nou. Li fè jounalis a tout gadyen, yon travay ki pa fasil.
Magalie viv nan mitan nou, ak tout Jenerasyon jèn timoun no yo ki te touche pa li menm.
Twazyèm vizit la se te nan office "Minis pou Sitiyasyon Fanm ak Dwa Fanm" Sèl bagay ki te rete kanpe se yon pankad ki bay sou bò lari ya. Li te tèlman atròs pou gade. Pa gen yon wòch ki rete kanpe.
Silens tout kote. Debri yo fè'n tranble. Si pou tè ya ta souke, pa gen anyen ki kanpe ki pou ta tonbe. De etaj beton tonbe sou lòt tankou papye ki mouye.
Nan baryè ya, pa gen okenn gadyen. Myriam Merlet, youn nan feminis ki mouri yo epi tou ki te fonde Enfo Fanm, mete anpil efò nan Minis saa ki plen moun ki mouri andedan n.
Mwen bese pran yon fèy pami tout materyo ki gaye atè ya. Se yon invitasyon ki te fèt depi 10 Me 2007 ki te ekri pou Minis la pou yon "Forum Nasyonal sou Edikasyon pou tout moun". Minis la nan tan sa te Marie Laurence Lassegue, Minis Kilti a Kounye a, youn nan sivivan yo.
Men mwen tranble. Li te enkwayab ke yon ti moso papye ka gen tout sans sa yo. Mwen pa konnen si se premye mòso nan istwa ke nou jwenn men m'ap pale ak yon òganizasyon fanm an ayiti pou yo prete'm mize yo a. Oubyen tou, mwen pral tcheke ak Minis Kilti ya pou'l ka ede'm jwenn asistans nan men UNESCO ak tout UNIFEM pou nou ka jwenn tou dosye nou yo.
Yon tristès nan fon mele nan mwen. Mwen mete chapo ba devan tout moun sa yo ki pèdi nan istwa, pou yo pa janm efase nan memwa nou.