Yolette Jeanty, koòdonatris, pou Kay Fanm
Fèt drapo a, 18 me, pase nan yon moman kote peyi a sou lagraba apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, epi akòz latwoublay politik. Drapo a pa ka flote kòmsadwa, paske n ap viv nan yon endiyite san parèy, paske peyi a sou lobedyans kominote entènasyonal. Kwaksa, kòm erityèz Katrin Flon1, feminis Kay Fanm yo vle fè tande vwa yo.
Toudabò, nou vle redi popilasyon yo, nou konnen nan ki kondisyon malouk y ap viv; Espesyalman latriye moun ki blije rete nan kan woywoy, oswa k ap demele yo anwo dekonm nan katye yo; Digdal lòt ki sètoblije deplase al nan yon lòt zòn; Pakèt moun ki andikape yo; Fi k ap viktim anba zak kadejakè; Pwovens ki an difikilte akòz foul moun ki vide sou yo.
4 mwa apre tranbleman tè a, dispozisyon serye pako pran pou pèmèt popilasyon yo reprann kap lavi yo. Nou pa konnen konbyen moun ki mouri ojis; Nou pa ka jwenn pyès idantite nou pèdi; N ap monte golgota nan demach paropòta sila ki disparèt yo; Nou sou lagrava dekonm; Nou pa konnen ki plan ki pral swiv pou rebati peyi a, malgre pawòl rekonstriksyon ap plede klewonnen; Nou pa wè pwent tèt desantralizasyon. Ou ta di dirijan yo vle pou nou rete bandonnen nan dezolasyon, menm jan sa fèt ak Gonayiv. Nan Kay Fanm, nou pa kwè nan « pito nou lèd nou la ». Nou kwè nan lite, nan reflechi, nan travay pou konstwi lavni peyi nou, ak diyite, nan respè dwa tout kategori moun.
Apre 4 mwa, li pa akseptab pou moun kontinye ap domi nan seren sou lagrava, pou moun rete anba tant nan flanm solèy oubyen anba gwo lapli. Li lè, li tan, pou Leta ede sinistre yo rejwenn kay nan bon kondisyon. Fòk nou revandike pou otorite yo kreye kondisyon pou mete travay, pou ankouraje travay pwodiksyon reprann. Se sa k ap pèmèt popilasyon yo an pozisyon pou patisipe kòmsadwa nan rebati peyi a. Ann pouse rèl nou fò, pou Leta pran reskonsablite li nan mete an plas pwogram pou bay bourad, pou fasilite repare kay ki domaje yo; Pwogram pou bati lojman sosyal, kidonk kay ki lwe nan pri abòdab dapre sitiyasyon ekonomik yon moun. Jwenn bon kay pou rete, se yon dwa moun! Ann pouse rèl nou fò, pou evite lòt katastwòf vin angrave katastwòf 12 janvye a; tankou, paregzanp, zafè timoun ki pa ka retounen lekòl paske paran yo pèdi tout sa yo te posede, oswa paske lekòl yo tounen kan, oubyen ankò paske lekòl yo kraze epi mèt yo pa ka rekonstwi yo.
Peyi a dwe rebati e li ka rebati. Si nou pran chimen pou sa. Rebati peyi a, sa pa ka yon pawòl anlè, ni yon eslogan. Sa dwe yon koze pwofonde nan refleksyon, paske se avni nou menm, pitit nou, pitit pitit nou ki an kòz.
• Rebati peyi a, se koupe fache ak koken, koripsyon, politik tikoulout, politik manfouben, kote yon Ekzekitif ak yon Palman kapab fè e defè jan yo vle. Kidonk, rebati peyi a, se pale epi aji san foub ak popilasyon yo.
• Rebati peyi a, se mete lòd nan kokenn dezòd ki fè nou plede ap anfale: Dezòd nan jesyon politik ki anpeche nou konstwi demokrasi tout bon; Dezòd nan koze eleksyon, ki anpeche nou jwi dwa sitwayen ak sitwayèn nou; Dezòd nan règleman ki manke oswa ki degrenngòch, epi dezòd nan dispozisyon pou fè respekte règleman yo kòmsadwa; Dezòd nan biwo Leta; Dezòd nan fason teritwa a jere; Dezòd nan lajistis, nan ekonomi, nan edikasyon, nan lasante; Dezòd nan respè dwa fondamantal moun, espesyalman dwa pou jwenn manje, laswenyay ak bon kay.
• Rebati peyi a, se rebat kat la pou Leta sèvi enterè kolektivite a, yon fason pou popilasyon yo jwenn sèvis, pou yo sa pwodwi, pou yo sa rive jwenn byenèt y ap plede reklame a.
• Rebati peyi a, se mete an plas sistèm asirans sosyal ki pèmèt gen solidarite nasyonal ak kategori moun ki pi frajil yo, tankou fanmi kote se manman k ap rele e reponn pou kont yo, fanmi ki gen moun andikape, fanmi ki gen yon ti grabday kòb; timoun ki ofelen, ki restavèk oswa ki lage nan lari; granmoun ki nan vyeyès yo e ki san sekou.
• Rebati peyi a, se pran ak detèminasyon wout pou ofiramezi nou soti anba depandans peyi etranje, yon fason pou se Ayisyen ak Ayisyèn, ki drape nan lejitimite ak konfyans popilasyon yo, k ap pran desizyon nan enterè peyi a.
Pou zansèt yo ka resi poze an pè, ann mobilize pou chanje figi peyi nou!
Pòtoprens, 22 me 2010
1 Ewoyin nasyonal ki te koud drapo a.